Vole Tankou Sipèmenn [Kanaval 2016]-Kreyol La

Genre-Kanaval
Year-2016
Nou sanble, se sa k fè n rasanble yon sèl kote
Pou n met vwa nou ansanm pou nou chante
Pou n fè lemond sonje, nou se senbòl fyète
Tout moun de men anlè – Kreyòl La rive
An n pare pou nou vole – Kreyòl La rive
Sa ki devan n yo, sa ki dèyè n yo
Nou di yo avanse, avanse
Tout moun de men anlè – Kreyòl La rive
Ann pare pou nou vole – Kreyòl La rive
Sa ki sou stand yo, sa ki nan bann yo
Mwen di yo avanse, avanse
Samy B, ou fin bay vibe, banm bay high
Kot Kreyòl la ye – woy woy woy woy
Anlè l ye (3x)
M a rele – woy woy
rele – anmwey woy
Ma rele – anmwey woy
Valvoline, ou anlè a ak tout boulin
Kot Kreyòl la ye

– woy woy woy woy
Anlè l ye (3x)
M a rele – woy woy
Rele – anmwey woy
M a rele – anmwey woy

Depi m anlè m pa anvi desann atè
Sa depann de high la, sa depann de vibe la
Men bagay la

Tout timoun – men dwat anlè
Tout granmoun – men goch anlè
Chanmas – de men anlè tankou Superman
Sipèman
Tankou Sipèman – vole
[4x]
Ban m ba nou nouvèl

Loulou achte on gita nèf
Avèk on je kòd tou nèf
Se sak fè ane sa li ba nou kout gita tou nèf
Tou nèf
Lage l, lage l la
[Guitar]
Pa gen ah ah nan sa (3x)

Super boul Ton Jeff
Santi l nan tèt santi l nan ren mwen
Pa gen ah ah nan sa

Madanm, pawòl sa a enève m

Ole, ola kreyòl la pa gen bouda pou li chita
Ou fache? Ebyen f on chou ak bouch ou
Ole, ola si w pa ka fè sa a le w laba
Mwen di djaz sa mwen di djaz sa – jan w vire l bon
Pa gen lanvè l pa gen landwat – jan w vire l bon
Fanatik Kreyòl la, met de men anlè pou nou ka montre n
N san lanvè, san landwat (3x)
Epa la – ou di Kreyòl la debwate
Kibò – epa la
Ou pa goche ou se dwate
Kibò – epa la
Se pa fontyè, se dwate

Goril pral ranplase balèn, e te vre?
Kibò - epa la
Ou pa goche ou se dwate
Kibò – epa la
Se pa fontyè, se dwate

Theo
Aye eh aye he he aye he
Souke chacha souke souke
Leve men nou leve men nou souke
Aye eh aye he he aye he
Yo goumen antre yo, divize antre yo
Kreyòl la la
N ap toujou rantre yo
Ann rele bare yo, sa k ap bare n se yo
Se jibye, nou menm n ap chase yo

Oh wi pou difikite ke nou kwaze
Gen sa ki te swete n kraze
Ayisyen sèmante yo se Apach pou lavi
Jibye pap janm f on jou devan chasè sa a
Fanatik tout sak devann se toutrèl
Rale fizi chas nou brake l tire l – bow
Ti dwèt anlè
Fanatik tout sak devann se toutrèl
Rale fizi chas nou brake l tire l – bow
Brake l tire l – bow [3x]
Ban m on plon gaye
Zobodobodo podop pow
Fè zam ou chante - zobodobodo podop pow
Fè zam ou pale - zobodobodo podop pow
Adeko ey ey ey
Ane sa n frape tèt yo kow
Ti Elie konpè cha cha chasè
Ey ey ey
ABC Solutions, 1 2 3
Deplimen toutrèl yo

Brake l tire l – bow [3x]
Ban m on plon gaye
Zobodobodo podop pow
Fè zam ou chante - zobodobodo podop pow
Fè zam ou pale - zobodobodo podop pow

Ey ey ey
Diri Mega, ey ey ey
ane sa a nou fè dega
Fò n gen diri pou n manje ak toutrèl
Deplimen toutrèl yo

[TMD]
Ok then
TMD in a da place once again
Skibidibanm yo
Tout kote n pase se nou k met chalè
Nou cho pase recho
Nou blas yo nan fas yo
Boum krache sou yo
Chak ane ki pase nan kanaval la nou fann Chanmas la
Si w ta fè gòl ane sa a konnen se nou menm ki ba w pas la
Se swa w onèt, swa w blofè
Swa w anlè, swa w atè
Men jan m wè w kanpe la a devan m lan, ou genlè plis atè
Ou genlè plis atè
Pou jan m wè w kanpe la a devan m lan, ou genlè plis atè

Depi m anlè m pa anvi desann atè
Sa depann de high la, sa depann de vibe la
Tout timoun men dwat anlè
Tout granmou men goch anlè
Chanmas de men anlè tankou sipèman
Sipèman
Tankou Sipèman – vole
[4x]

Ban m ba nou nouvèl
Loulou achte on gita nèf
Avèk on je kòd tou nèf
Se sak fè ane sa li ba nou kout gita tou nèf
Tou nèf
Lage l, lage l la
[Guitar]
Pa gen ah ah nan sa (3x)

Mwen di djaz sa mwen di djaz sa – jan w vire l bon
Pa gen lanvè l pa gen landwat – jan w vire l bon
Fanatik Kreyòl la, met de men anlè pou nou ka montre n
N san lanvè, san landwat (3x)
Epa la – ou di Kreyòl la debwate
Kibò – epa la
Ou pa goche ou se dwate
Kibò – epa la

Fanatik tout sak devann se toutwèl
Rale fizi chas nou brake l tire l – bow
Ti dwèt anlè